Definisyon Lanmou歌詞

添加日期:2023-05-11 時長:04分03秒 歌手:Stephane Eveillard

作詞 : Stephane Eveillard/Jimmy Cadet
作曲 : Jimmy Cadet
Chak fwa m’gadew cheri
Bonè anvayi kè’m
Paske m’santi lanmou
Kap debòde nan mwen
Sa m’gen nan kè’m pou ou
Pi plis ke mo damou
Chak fwa mwen anbrase’w
Mwen santi’m nan syèl
Cheri,se ou ki konplete lavi mwen
Lè ou nan bra’m
Mwen pa mande pou mwen lage
Se pou ou m’swaf
Ou k’fè bonè lavi mwen
Nan ou mwen jwenn
Definisyon mo lanmou
Mwen sèmante
Ke mwen pap janm sispann renmen ou
Kè’m ap toujou plen
Lanmou pou ou
Wi toupre’w
Mwen vle viv rès lavi mwen
San ou vi’m tankou yon move rèv
Lè map panse ak bèl
Moman n’pase ansanm
Pi bèl ti mo damou
Nou pataje ansanm
Se nan ou sèl mwen jwenn
Tout sa kè’m dezire
Si se nan rèv mwen ye
Mwen pa vle leve,eeeeee
Cheri,se ou ki konplete lavi mwen
Lè ou nan bra’m
Mwen pa mande pou mwen lage
Se pou ou m’swaf
Ou k’fè bonè lavi mwen
Nan ou mwen jwenn
Definisyon mo lanmou
Mwen sèmante
Ke mwen pap janm sispann renmen ou
Kè’m ap toujou plen
Lanmou pou ou
Wi toupre’w
Mwen vle viv rès lavi mwen
San ou vi’m tankou yon move rèv
更多>

喜歡【Stephane Eveillard】您也可能喜歡TA們的歌詞…

更多>

最新歌詞